TIT JOUNAL ENFO 96/RADYO KISS FM (GONAYIV)




- Yon komite tou nèf ki gen tèt li Majistra Senmichèl Latalay la, M. Gueillant Dorsainvil, pran rèn Asosyasyon Majistra Latibonit yo (AMA). Nan tout nivo, Nouvo prezidan an di li angaje l’ pou ranfòse Asosyasyon an.
 
- Prezidan sòtan AMA a, M. Frantz Ulysse, eksprime satisfaksyon li pou travay li reyalize pandan 2 manda li fè nan tèt asosyasyon an. Majistra Senmak la raple, gras ak efò administrasyon li an, AMA gen yon estati legal, yon kont bankè ak machin pou faisilite travay manb li yo.  

- Majistra Minisipalite Dedin nan, M. Ernst Saint-Phard, kritike karaktè klanik administrasyon Jovenel Moïse la. Otorite a fè remake si yon mèri pa gen akwentans ak ekzekitif la, lap difisil pou li benefisye sibvansyon kap ede l akonpli misyon li.

- Aprè verifikasyon otantisite pyès li yo, Yonn nan Senatè Latibonit yo, Doktè Carl Murat Cantave, envite Premye Minis nome a, Notè Jean Henry Céant, chita pale ak tout gwoup konsène yo avan li antame fòmasyon gouvènman li an.

- Touswit aprè ratifikasyon li, nouvo Premye minis la dwe komanse reflechi sou finalizasyon pwosesis eleksyon endirèk yo ki enpotan anpil pou desantralizasyon sèvis piblik yo, daprè  Kodonatris Platfom fanm oganize pou devlopman Latibonit la, Madam Louisette Vertilus.

- Ansyen kandida malere pou pòs Depite sikonskripsyon Gonayiv la, Madam  Mikerlande Legros Metellus, plede an favè entegrasyon fanm yo nan tout espas desizyon yo anndan administrasyon piblik la.

- Komisarya jiridiksyon Desalin nan, ba Latibonit, resevwa yon pikòp okazyon nan men otorite politik yo nan rejyon an. Vis Delege awondisman an, M. Wadner Joseph, ki te pran lapawòl nan okazyon an, deklare nouvo veyikil sa pral rann fòs lòd yo pi efikas nan sèvis yap bay popilasyon an.  

- Responsab Komisarya Desalin nan, Komisè David Edren, remèsye tout otorite ki kontribye nan demach yo. Selon Ofisye polis la, plis enstitisyon an gen materyèl se plis lap bay bon rezilta.

- Nan kad reouvèti klas yo ki prevwa pou 3 septanm kap vini an,  Platfòm Sendika Anseyan Latibonit yo reklame yon « Vas pwogram akonpayman » pou paran ak anseyan yo. Nimewo 1 estrikti a, Pwofesè Didier Pierre, mete anpil aksan sou sibvansyon manyèl eskolè yo ak amelyorasyon kondisyon travay kòlèg li yo.

- Pou yon dezyèm fwa, lansman ofisyèl Brigad entevansyon rapid nan zòn ki gen dlo yo (BIRMA) repòte. Kodonatè Rezo Nasyonal pechè ak Agrikiltè yo (RENAPA), M. Choudlet Metayer, fikse nouvèl dat la pou mèkredi 29 out kap vini an.

-  Komisè Marie Dieunane Joseph Borgelin se nouvo responsab ki enstale nan tèt komisarya Okay la, ayè lendi 13 out 2018 la. Li  ranplase nan pòs sa Komisè prensipal Saintyl Rousseau.

- Nan jiridiksyon Pòdepè, asiz kriminèl avèk asistans jiri ki te demare 06 dawout pase a pran fen lendi 13 out 2018 la. Selon dekana Tribinal premyè enstans resò a, gen 6 endividi ki kondane ak yon lòt ki jwenn liberasyon l’.

#ENFO96

Commentaires