Gonayiv-Medya: Jounalis Fanm Yo Abandone


Nan vil Gonayiv, 4 lane avan, fanm yo te gen yon bel imaj nan medya yo. Menmjan ak gason yo, yo te konn kouvri tout tip aktivite, anime ribrik envite, prezante nouvel, elatriye. Selon infomasyon nou kolekte  nan medya yo, ant  2011 ak 2014, te gen 6 fanm ki tap egzese regilyèman metye jounalis la. 



Jounen jodi a, fanm yo totalman disparèt nan sal nouvèl yo. Menm lekol jounalis yo, yo preske pa frekante. Daprè Dieulivens Jules, responsab ajans Haiti Press Image, gen plizye kontrent ki pouse medam yo abandone près la. Li site notaman pwoblem entegrasyon, reminerasyon ak kondisyon travay yo ki pa toujou reyini. « Fanm renmen estetik. Lè yap tande oubyen gade nouvèl, yo panse gen anpil konfò. Men lè yo vin nan  reyalite a, yo wè se pa sa », deklarasyon M. Jules.

Medam yo pa jwenn ankadreman 

Daniella Régis ap travay nan sektè medyatik la depi anviwon 7 lane.  Li prete sevis li ak dives medya nan peyi a. Nan karyè li, Mme Regis di li toujou kontre ak yon pwoblem ankadreman ak kolaborasyon. Li fe konnen anpil nan patwon medya yo pa trete medam yo ak respè yo merite. « Pa vrèman gen ankadreman. Mwen menm ak kèk lòt konsè te kenbe paske nou se sòlda, paske nou renmen metye a », eksplikasyon kolaboratris Regis.

Konse Gonayiv yo te konn travay ak anpil devouman. Yo te san konpleks. Malgre tout difikilte, yo te toujou fè prèv kouraj. Prezans yo manke divès edisyon nouvèl nan site endepandans la. Jessica Elissaint, se denye jounalis ki abandone près la. Li avwe li pran desizyon sila kont li menm. « Mwen toujou gen lanmou pou metye a. Mwen pran yon poz pou m’ ka reflechi sou avni m’ epi bay tet mwen yon lot oryantasyon », pawòl konsè Eliassaint.

Pwopozisyon pou chanje bagay yo 

Sou bò pa li, Djina Delly, yon jèn ki te konn anime emisyon radyo, deklare sitiyasyon Medam yo nan pres gonayiv la yo preokipel anpil.  Nan lide pou ede yo entegre medya yo tout bon vre epi egzese metye jounalis la kom sa dwa, Mme Delly fè pwopozisyon sa yo: « Fòk medam sispann konsidere tèt yo kòm ki frajil. Fòk yo mete tèt yo ansanm pou define kisa yo vle egzakteman. Anplis, fòk yo fòme t yo davantaj pou chanje pèsepsyon anpil moun gen de yo ».

4 nan 5 medya ki bay nouvel chak jou nan Gonayiv yo ap fonksyone ak yon grenn jounalis. Malgre tout efo yo fè pou kenbe sal nouvel yo an vi, jounalis yo pa touche yon santim. Anplis benevola a,  jounalis la dwe demelel pou jwenn materyel travay ak mwayen pou al kouvri aktivite pou medya a. Sitiyasyon sa a frajilize metye jounalis la nan site endepandans la.  Se kèk nan rezon ki eksplike tou absans medam yo nan sa l nouvèl yo.

Se pou ede reflechi sou pwoblèm sa yo ak pwopoze solisyon, Panos Karayib ak konkou UNESCO akonpaye kek jounalis pou yo trete sije sou prezans fanm nan medya yo.

JC

Commentaires